Nannan Podcast

Emmanuelle Georges

About

Nannan with Emmy is a podcast created with the goal to combine the voices of women evolving in Haiti.

Emmy sits with the women who inspire her, discussing issues which impact women. They discuss many subjects ranging from productivity and creativity to personal care, managing relationships, love, body image, and much more.
From friends, family members, to people she's met for the first time, we will hear different viewpoints and personal experiences through these intimate conversations. Support this podcast: https://podcasters.spotify.com/pod/show/nannanpodcast/support

Available on

Community

73 episodes

Ann manje byen an 2024

Nan epizòd sa a, Emmy chita avèk Kristele Alerte pou yo pale de enpòtans fason nou manje genyen sou sante nou an jeneral. Emmy patatje aanpik sou ralsyon li ak manje. Kristele se yon "Coach sante ak byenèt" , li se yon "nutri-therapeute" tou. Li te pwofite bay anvil konsèy sou kijan nou sipoze aprann timoun nou yo manje tou. Al tande. --- Support this podcast: https://podcasters.spotify.com/pod/show/nannanpodcast/support

1h 12m
Jan 17, 2024
Ann fèmen 2023 avèk MAB

Nan epizòd sa a , Emmy chita avèk Marc Alain Boucicault. Pandan echanj sa a, Marc Alain pataje eksperyans pèsonel li , valè l . Yo te abode tou , yon seri faktè sansib nan sa ki gen pou wè ak konfyans nan tèt ou , relasyon ak moun ak jwenn ekilib an travay ak Lavi pèsonèl. Al tande ! --- Support this podcast: https://podcasters.spotify.com/pod/show/nannanpodcast/support

1h 18m
Dec 18, 2023
Jis fè sa w kapab !

Nan epizòd sa, Emmy chita avèk David Lafond, yon “Personal Trainer “/ “Nutrition Coach “. David pataje anpil konsèy sou koman pou nou entegre aktivite fizik nan Lavi nou menm si nou okipe anpil. Li pale de enpòtans okipe tèt nou. Al tande . --- Support this podcast: https://podcasters.spotify.com/pod/show/nannanpodcast/support

1h 6m
Sep 12, 2023
Refijye

Nan epizòd sa a, Emmy chita pale avèk Myriam Coppry ki se yon “coach” ki travay espesyalman avèk paran imigran. Myriam pote nou a reflechi anpil Epi Li pote konsèy pratik ! Al tande --- Support this podcast: https://podcasters.spotify.com/pod/show/nannanpodcast/support

1h 15m
Aug 30, 2023
Refijye

Nan epizòd sa, Emmy chita avèk Emmanuelle pou you pataje eksperyans yo nan zafè demenajman yo nan peyi etranje. Emmanuelle gen yon pitit fi ki mande anpil atansyon poutèt li gen bezwen espesyal.. Jodi a fokis li se pou li kontinye avanse menm si li pa twò konnen kibò la vi a ap mennen l. Konvèsasyon sa a enspiran anpil.. Al tande!    --- Support this podcast: https://podcasters.spotify.com/pod/show/nannanpodcast/support

1h 12m
Aug 15, 2023
Refijye

Nan epizòd sa, Emmy chita avèk Krisna ak Laetitia pou yo pataje eksperyans yo nan zafè demenajman yo nan peyi etranje. Yo kite peyi yo pou yo rekòmanse a zero.Tou letwa medam yo gen pitit... bagay yo pa fasil menm. Fòk yo wenn ekilib pou yo okipe tèt you, fanmi yo ak travay. Al tande. --- Support this podcast: https://podcasters.spotify.com/pod/show/nannanpodcast/support

1h 11m
Aug 08, 2023
Bòn ane 2023

Nan epizòd sa Emmy ap swete nou yon bòn ane . Li pwofite de okazyon sa pou li pataje 10 leson Li aprann nan ane ki fenk pase a ke li deside aplike an 2023. Al tande ! --- Support this podcast: https://anchor.fm/nannanpodcast/support

41m
Jan 01, 2023
Nannan ap resevwa Manbo Djemèsi-Part 3

Nan epizòd sa , Emmy chita avèk Fabiola Abelard , Manbo Djemèsi pou yon twazyèm epizòd.Fabiola pataje Koman li viv spirityalite li,Koman li inisye nan vodou. Pawòl yo anpil. Al tande an atandan pwochen epizòd la ! --- Support this podcast: https://anchor.fm/nannanpodcast/support

54m
Jun 21, 2022
Nannan ap resevwa Manbo Djemèsi-Part 2

Nan epizòd sa , Emmy chita avèk Fabiola Abelard , Manbo Djemèsi pou yon dezyèm epizòd.Fabiola pataje Koman li viv spirityalite li,Koman li dekouvri vodou. Pawòl yo anpil. Al tande an atandan pwochen epizòd la ! --- Support this podcast: https://anchor.fm/nannanpodcast/support

1h 10m
May 20, 2022
Nannan ap resevwa Manbo Djemèsi

Nan epizòd sa , Emmy chita avèk Fabiola Abelard , Manbo Djemèsi . Fabiola pataje Koman li viv spirityalite li,Koman li dekouvri vodou. Medam yo te gen twòp pawòl pou yon sèl epizòd! Al tande an atandan pwochen epizòd la ! --- Support this podcast: https://anchor.fm/nannanpodcast/support

1h 6m
Apr 22, 2022
On ti koze sou zafè Feminis

Nan epizòd sa , Emmy chita avèk Pascale Solage nan kad jounen entènasyonal dwa fanm! Al tande !!! --- Support this podcast: https://anchor.fm/nannanpodcast/support

1h 44m
Mar 08, 2022
Selebre Lamou avèk Mann ak Mama

Nan epizòd sa a , Emmy chita vèk paran l ki marye depi 34 lane ! Yo pataje istwa yo ak eksperyans relasyon yo .Mezanmi moun yo damou toujou wi. Al tande ! --- Support this podcast: https://anchor.fm/nannanpodcast/support

47m
Feb 14, 2022
Ou konn Carla Beauvais?

Nan epizòd sa Emmy chita avèk Carla Beauvais. Carla pataje tout sa ki pilye Lavi Li jodi a. Medam yo pale de cheminman yo nan zafè renmen ak okipe tèt yo, de eksperyans yo kòm manman. Al tande . --- Support this podcast: https://anchor.fm/nannanpodcast/support

1h 6m
Jan 24, 2022
Tout sa mwen aprann ane sa a

Nan epizòd sa Emmy ap pataje kèk leson li aprann pandan ane 2021 a ! Lap profite di nou Mèsi pou fidelite nou Epi li swete nou on bòn ane 2022. --- Support this podcast: https://anchor.fm/nannanpodcast/support

28m
Dec 31, 2021
Nannan Christèl sou relasyon l ak kò li

Nan epizòd sa a, Emmy chita avèk Christèle Manigat Landais. Christèle fè vi l ap goumen pou pèdi pwa e rout la pa fasil menm . Li pase anpil Moman difisil poutèt sa .Malgre tou sa, li aprann aksepte kò l pou l pa janm kite sa defini l . Al tande istwa li ! --- Support this podcast: https://anchor.fm/nannanpodcast/support

35m
Oct 11, 2021
Sante mantal Ou esansyèl...

Nan epizòd sa a , Emmy chita avèk Béatrice D. Turnier. yon psikològ. Béatrice ensiste sou enpòtans ijyèn mantal, li pataje anpil siy ak konpòtman Ou ta sipoze veye lakay Ou pou konnen si w anfòm Ou pa. Medam yo pale tou de jan sitiyasyon n ap viv la afekte nou. Béatrice te profite pale de tout resous ki disponib si jamè on moun ta bezwen on asistans pwofesyonèl nan zafè sante mantal. Al tande ! --- Support this podcast: https://anchor.fm/nannanpodcast/support

39m
Sep 27, 2021
Nannan tounen ak Regine Théodat!

Nan epizòd sa a, Emmy chita avèk Regine Théodat . Regine pale nou de kiyès li ye , de enpòtans Haiti genyen nan lavi l ,de transfòmasyon li antan ke moun , ke fanm … Al tande ! --- Support this podcast: https://anchor.fm/nannanpodcast/support

1h 10m
Sep 20, 2021
Apresye kò w ase pou ka pran swen’l

Nan epizòd sa a, Emmy chita avèk Béatrice Celestin pou yo pale sou relasyon spò avèk sante Mantal. Beatrice pataje kijan spò ede l jere depresyon Epi li envite tout moun jwenn on fason pou yo ka enplemante on aktivite fizik nan Lavi yo. --- Support this podcast: https://anchor.fm/nannanpodcast/support

54m
Jun 28, 2021
Ou gen on sèl kò; Aksepte fay Li renmen l épi travay avèl !

Jodia Emmy chita avèk Caroline Louis . Caroline pataje relasyon entim li te gen pou l devlope avèk kò li . Kò nou gen Fay menm jan ak tout bagay men li mérite Lanmou enkondityonèl! Caroline ap konseye nou sou kòman pou n rive fè sa! Al tande --- Support this podcast: https://anchor.fm/nannanpodcast/support

55m
May 10, 2021
Santi w byen nan po w se premye pa pou w kapab gen konfyans nan tèt Ou

Nan Epizòd sa a, Emmy chita avèk Iris Duhamel, yon “coach de Style”. Medam yo pale de enpòtans kwè nan tèt Ou, kwè nan rèv Ou , kwè nan Kisa ou vle akonpli. Iris pataje istwa Lanmou pa l avèk kò li, malgré tout peripesi, gra , mens... Li te toujou santi l byen nan po l. A travè metye li, li swete enspire kliantèl Li . Al tande ! --- Support this podcast: https://anchor.fm/nannanpodcast/support

57m
Apr 28, 2021
Ann komemore Jounen Nasyonal Mouvman Fanm Ayisyèn

Nan Epizòd sa, Emmy chita avèk Pascale Solages. Pascale se yon militan, aktivist nan mouvman feminis an Haiti. Medam yo pataje lide, pasyon yo , tristès yo ak kòlè yo sou zafè diskriminasyon sou fanm. Konvèsayon sa ka louvri je w sou kestyon tankou “Kisa ki feminis “ ? Eske m se on feminis” ?  Al tande ! --- Support this podcast: https://anchor.fm/nannanpodcast/support

1h 4m
Apr 03, 2021
Mica pa pè anyen!

Nan epizòd sa , Emmy chita avèk Michaëlle de Verteuil , Mica. Mica gen 84 lane men Mika gen pou travay sou kèk projè toujou , li gen rèv , li pAp kanpe ... Mica pa konn sa ki rele la perèz , li pa renmen tande pale de de kourajman... Depi plis pase 40 an, l ap viv nan komin Abricot kote Li bay edikasyon, fòmasyon profesyonèl, travay, ankourajman ak Lanmou. Si ou te kontan tande Mica e ou ta renmen ede Fondation Paradis Des Indiens, fèm konnen!  Al tande ! --- Support this podcast: https://anchor.fm/nannanpodcast/support

1h 0m
Mar 24, 2021
Ann dekouvri Magalie Dresse

Nan epizòd sa, Emmy chita avèk Magalie Dresse. Magalie se yon kokennchenn antreprenè, yon profesyonèl pasyone men ki reyalize kijan renmen, okipe, ak pran swen tèt li chanje lavi l pou l vin pi epanoui. Medam yo pale tou de enpòtans retire laperèz nan lespri nou pou nou kapab avanse... konvèsayon sa chaje ak  bon bèt, Al tande! --- Support this podcast: https://anchor.fm/nannanpodcast/support

1h 10m
Mar 15, 2021
Ann selebre Jounen Entènasyonal Dwa Fanm !

Nan epizòd sa , Emmy chita avèk Emmanuelle Elie ak Elizabeth Nicoleau. Emmanuelle ak Elizabeth , se de avoka antreprenè , de manman , de fanm vanyan kap evolye nan sosyete a. Medam yo pale de tout kalite discriminasyon fanm sibi nan Lavi chak jou épi yo te pataje kèk lwa nan peyi a kap kraze  fanm e ki ta dwe chanje. Konvèsasyon sa a ap enspire nou poun pa selman panse a dwa fanm nan sans legal la, men nan jan nou panse , nan jan nou konpòte nou, nan jan nou elve pitit nou , nan jan nou sipòte fanm parèy nou. --- Support this podcast: https://anchor.fm/nannanpodcast/support

1h 7m
Mar 08, 2021
On pòt fèmen...anpil lòt ap louvri gras a Lanmou pou tèt ou!

Nan epizòd sa Emmy chita avèk Vanessa Philogène. Medam yo gen preske menm istwa... se gras a on relasyon ki kraze ,kote yo te santi yo pèdi ki pèmèt yo dekouvri lanmou pou tèt yo avèk pratik self-care ! Sa rive anpil fanm , e si sa wap viv on sitiyasyon difisil apre ou fin kite ak on moun , nou espere w ap enspire. Al tande! --- Support this podcast: https://anchor.fm/nannanpodcast/support

55m
Jan 28, 2021
Bòn Ane 2021

Nan epizòd sa Emmy ap swete on bòn ane 2021. Li tou profite bay kek konsèy sou kijan pou kenbe on espri pozitif avèk pi bon fason pou bay tèt Ou objektif pou ane a . Al tande ! --- Support this podcast: https://anchor.fm/nannanpodcast/support

32m
Jan 18, 2021
Ou vo plis ke sa !

Nan epizòd sa, Emmy chita avèk Myrlande Johnson pou yo pale de vyonlans sou fanm. Konvèsasyon sa louvri je nou sou diferan fòm vyolans yon fanm ka sibi nan yon relasyon. Al tande --- Support this podcast: https://anchor.fm/nannanpodcast/support

48m
Nov 27, 2020
Kisa ki Devlopman pèsonèl avèk Emmy ?

Nan epizòd sa Emmy ap eksplike nou Kisa ki devlopman pèsonèl ak ki diferan etap ki genyen nan pratik esantyèl sa. Al tande --- Support this podcast: https://anchor.fm/nannanpodcast/support

23m
Nov 12, 2020
Kisa ki seksyalite ?

Nan epizòd sa, Emmy chita pale avèk Laetitia Dégraff, yon seksyològ. Laetitia fè nou dekourvri metye sa a paske anpil moun pa konnen Kisa Li ye . Medam yo te tou pwofite pale de tabou ki genyen otou seksyalite fanm an patikilye. Al tande  --- Support this podcast: https://anchor.fm/nannanpodcast/support

44m
Oct 22, 2020
Psikoloji, kisa l ye? ki sa l pa ye?

Nan epizòd sa, Emmy chita avec Phaidra Laraque, yon psikològ k ap evolye an Haiti depi 2003. Phaidra pran tan li pou li eksplike kisa yon psikològ fè, kilè ou bezwen yon psykològ, men pi plis toujou li kalrifye pou nou kisa yon psikolòk pa ye ou byen pa fè. Li te profite tou pou li ankouraje tout moun okipe yo de sante mantal yo.Al tande! --- Support this podcast: https://anchor.fm/nannanpodcast/support

51m
Oct 15, 2020